avatar
Your name :

or login

Add Song
New comments

Tafa Mi Solèy - Etranje

 
0
Copied!
Ou ki bonè m
Ou ki malè m
Ki twouble je men ki fè m wè klè
Ou k fè m vibre
Lè ou touche m
Men ki ale si ou fache
Ou k deside
Ou fè m poze
Ou k fè m kriye si w deplase
Ouuuuuuuuuuuu

Ou ki kenbe m
Se rezon
Ki fè m chante, depale
Fè m fè pwezi nan tout lari
Ou fè m pa pè si m pa gen anyen
Ou ki konble m lè lot yo ale
Men ki lache m tou lè li vle
Ouuuuuuuuuu

Mwen pa konnen
Sa pou mwen panse
M paka sène w

Ou son etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w yе
Ou son etranje lè jou levе
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou k ban m lebra nan fon lanmè
Poutan w neye m touswit aprè
Ou ki rale m mennen m vini
Jis pou w ka lage m nan lari
Ou mennen m pi wo pou w ban m pi gwo so
Ou ban m kado pou w byen volo m
Ouuuuuuuuuuu

Mwen pa konnen
Sa pou mwen panse
M paka sène w

Ou son etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou son etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou son etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye
Ou son etranje lè jou leve
Lè aswè rive menm se moun mwen w ye

M paka sène w
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m paka sène w
M pa sène ki moun ou ye
M paka sè w
M pa sène ki moun ou ye
Mwen paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
Se vre ou domi kote m
Men poutan, lè w leve
M derekonèt ko sa k ap karese m
Menmsi figi a pa chanje

M pa sène ki moun ou ye
Mwen paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
Doudou m paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye

Bonjou bèl enkoni
Bonswa solèy nwa mwen
Ou son pwazon sou lang mwen ki genyen gou myèl
De men w sou po m mennen m nan syèl

M pa sène ki moun ou ye
Oooooooooo
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M paka sène w, m paka sène w, m paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye

Ooo sèl lanmou mwen
O doulè dous mwen
Ou son pikan ki bati kay li anba po mwen
M pa sène ki moun ou ye
Mwen paka sène w
Cheri m pa sène ki moun ou ye
Ou Ou Ou Ouuu
M pa sène ki moun ou ye
M paka, m paka
Cheri m pa sène ki moun ou ye
M pa sène ki moun ou ye
Cheri m pa sène ki moun ou ye

SoundCloud:

edit soundcloud

YouTube:


More Tafa Mi Solèy lyrics

Tafa Mi Solèy

No Foto

Song Description

Biography

New Lyrics

Ivycomb - Suspend My Belief | Lyrics
It's all so grey When did it all fade? Was it ever even there At all from the
Chase Rice - Fireside | Lyrics
{Verse 1} Who's gonna keep you warm at night? What you're gonna do when
Essiyas - Disguise | Lyrics
{Intro} Uh 2am and I'm still up, yeah I'm still Writing the shit I
TWEYES - Old-New Album: Hard 2 Top | Lyrics
Track 1: skyscraper {intro} Sky, sky Sky, sky Scraper
Vanish shawty & plastic - Odeio v4dias | Тexto
{plastic} Quero falar de sentimento Mas não entenderiam O que passa
Dracul - Enthralling Whispers of Blood Moon Emperor | Lyrics
Enthralling Whispers of a Blood Moon Emperor {Young Bourgeoisie} The
Xuxa - Talk To Me | Lyrics
{Verse 1} Bread and butter, bring me some water I have an accent, well
Trinidad Killa - Good Hole | Lyrics
You have the good hole The good hole good hole gyal Hold me hoho hold me gyal Hold
Shayan Yo - Sare To 2 | Lyrics (fa)
سر کی ؟ تنهام الان سر کی سر تو دلم تنگه برا کی فقط فقط برا تو چی