avatar
Your name :

or login

Add Song
New comments

Èzli - Pòtoprens

 
0
Copied!
Epòk sonm chèche mo m pyese pou m f on tablo
Konplent yo m fonn penn de bèl grenn je k sot n on ma dlo
Nuit la kagou e m ofri l yon powèm kòm kado
Souri l yo kagoule do l gen twòp pwoblèm kòm fado
Kè m tanmen plenn eko yo fò tande son kri m
Booth la pot rekonfò m residive kou yon sèn krim
Tèlman rega yo vid kout ri yo fane san fè pri
Sèkèy dekore tout yon vil soupi yo koule san fè bri
Dèy ap separe chak kafou
Lavi o gadavou manman ranmase kadav ou
Li jwenn bann vant li k ap naje n on ma labou
Tete l nwaye nan san l ap rele bondje chay la lou
Gwo mouche fè lalwa l anmè kou lalwa
Manzè pa delala li chèche soutyen koulwa lwa
Vwazinaj se dra blan zepòl yo prete l yon dra blan
La a l tеre kòd lonbrit li pap janm lage l nan bra Blan

Vil la degraba gout pa gout kasе bout pa bout
Vil la di l about san dout se pou sa l chache wout
Nan mitan pousyè lafimen
Sapat nan pye malèt sou do vil la pati li pa l flannen
Lari pa dous chaje glòk
Efò foul la se pou se pwezi k pran plas fizi k brake
Li manje piman tankou brav
Espwa rekòlte kè kontan se pou sa danje l brave
Vil la reve koulè yon lakansyèl bonè
Selebre jete dlo pou ti flè k al nan syèl bonè
Chak lalin plenn temwanye pwomès labrenn pote
Lawouze lave je l pou chak flè sezon chagren bwote
Tout kò pwezi a se tou bal
Chak silans s on refren k ap chante ki lè se tou pa l
Solèy la fonn gran jounen ap danse tou pal
Sèmante se jou pa l se li ki dwe pran swen joupa l
Mo fele k ajanse pou akouche pwezi frajil
Mò foli ka danse tout lakou se lavi k fòje l
Sou pil fatra chak kwen vil la kanpe l ap fè apèl
Kò san vi pap di prezan pito l al chèch on bale
Mouch yo di l kòm rapèl olye yon lis pito s on pè l
Ou ka tande s on kè l tèlman rivyè k nan je li pale
De pye l ap kilbite sanble boutèy la rate sib
Fè kò y ap rizibye li di lavi l ap rapousib
Chak fwa l vle pèdi vwa l g on vag ki lonje l lamen
Raple l si l ret sou kwa l li pap janm konn longè lanmè
Pawòl yo touche l nan fon kè l
Li deside plonje al chèche fòs ki nan fondè l
Nan kwazman lanmè ak solèy je l tonbe nan je mèt Agwe
De kozman nan zòrèy li frape pye l rele Anmwe
Vil la pran men lavi malgre katouch nan
Men Leta chaje san fwa sa li pap ba l fè akouchman

SoundCloud:

edit soundcloud

YouTube:


More Èzli lyrics

Èzli

Èzli

Song Description

Biography

Enmsi | Hip-Hop | 90’s | Boom Bap | Rap Ayisyen | Manje Peyi | Syans Konnen | Nan dòmi kou nan je klè | Bosalhustle

New Lyrics

Gamingplush64 - Hello Neighbour vs Welcome Home | Lyrics
Announcer-GamingPlush64 The Neighbour Vs Wally Darling! Verse 1:The
Sixx:A.M. - Accidents Can Happen 2017 | Lyrics
{Verse 1} Don't give up, it takes a while I have seen this look before
Hariki - Повод | Текст песни
{Припев} Мне не нужен повод видеть тебя голой Если на танцполе - то танцуй
KRISTIEE - Дебил | Текст песни
{Припев} С*ка, с*ка, с*ка пишет на мою мобилу( Алло?) Bay, я щас занят у меня
Redda - Syfy So Me | Lyrics
Syfy so me so wrong, wrong, wrong So hot, goin' fast, no car, car, car Syfy so me so
EwaMaru - Cinema | Lyrics
Jraw m3ana cinema L3a9a ndiro din mha Gha tab3ina finma eh Mchina jina daro map
Mathue - MISERY | Lyrics
{Verse 1: Mathue} Ignoring all the signs that you threw in my face You're
The Paranoid Style - Client States | Lyrics
Straight down to your heart, you’re undecided Straight up a house divided Straight down
JT Music - All in With the Fallout | Lyrics
{Intro: JT Music & Andrea Storm Kaden} Now this may sound far-out But I